5 konsèy pou leve yon timoun poli

Se pa yon bagay ki fasil jere yon timoun,menm pou aprann li di mèsi.Siw vle bay timoun nan bon egzanp ak tout sa lap fè di,konsèy sa yo ap itil ou.
1.Fòk ou poli ak yo,menm lè wap pase yo lòd
Si w fè yon ti reflechi wap we ou pase timoun nan anpil lòd tankou:Ranche chanm ou,sispan kite bagay ou nan tout kay la,pa kouri la,wap tonbe,elatriye.Pou yon paran pandan lap bay lòd konsa depi l ta di ” silvouplè oubyen mesi”li santi se pa yon lòd lap pase,timoun konprann tout bagay,yo ti mo dous ka chanje tout bagay epi rann timoun nan santi l itil,li pap menm we si se lòd wap pase l.Konsa lap gen respè pou lòt moun.
2.Pa inyore pitit ou
Lè zanmi w vin lakay ou se kòmsi timoun lan pa la,jis pouw ka pase yon bon tan ak zanmiw,men se yon erè,paske li ka fè nenpòt kolè kòz ou pa kanpe sou bò l epi li fèw wont,ou tou vin deranje,fòk ou toujou montre timoun nan ou pa bliye l,fè ti souri ak li,mande l sil byen.
two-caucasian-and-two-african-american-children-playing-together-725x483
3.Aprann li pasyan
Fòk ou aprann li pou gen pasyans,lè timoun nan bezwen w bal yon ti tan epi ou poko kapab,mete men sou li fèl santi ou pa bliye jis ou okipe tale wap pale ak li,sa ap rann li pa deranje lòt moun sèl nan ka ijan.
4.Montre l kijan poul respekte lòt timoun,men lè yap jwe
Timoun nan dwe poli ak paran l pwofesè l,anplis ak timoun parèy li tou,li dwe respekte timoun menm laj avèl tankou lòt moun,sa se ou ki pou aprann li tou,sil fè yon timoun mal,fèl mache al mandel eskis,pa kouri akize li tou non jis pale ak li fèl diw poukisa li aji konsa ak lòt la,bat yon timoun ki bay yon lòt kou sa pa vle di lap sispan fè sa,sak efikas la se chache poukisa li bal kou a.
5.Gade reyaksyon ou yo
Si timoun nan repete yon mo ou pap janm aprann li,mandel kote li tande l,pa kouri pini lsi se lekòl la li diw,fèl konnen mo sa pa pou li,sil goumen nan lekòl la ekplike l men poukisa li pa dwe konnen,fèl konnen kiyès li ye,fèl kwè nan tet li,timoun pa leve ak primad lap vin pi mal nan aksyon li yo.
Wi ou kapab ak timoun yo,nou kwè nan ou.