5 bagay yon gason dwe konnen sou règ

Si chak mwa,ou deside ap mawon paske mennaj ou gen règ,nou gen yon lis nou prepare pou w ka konprann fenomèn sa pi byen,epòk sa nan vi yon fi ka ranfòse relasyon ou!
Grangou
Fi a ka fè ekperyans ak kèk anvi oubyen manje anpil akòz ogmantasyon estwojèn kise omon feminen an,sibstans ki bay apeti,dòmi ak konpòtman diferan.Dapre yon etid yo wè konsome chokola nwa ede moun nan rilaks.
Malèz
Akòz pè yon fi ka sal rad sou li,siw swiv lèw sòti ak li,lap plede mande ou wèm sal,ou pa bezwen desespere se jis li gen sansasyon kel sal,pafwa li konn pa menm sal.
Chanje atitid
Tete yo vin pi sansib ak gwo,fache fasil,estrès,nan moman sa chache trete la ak anpil atansyon
Bouton
Sa toujou pase anvan règ lan vini,bouton yo parèt li gendwa plizye konsa tou li a yon sèl nan figi oubyen sou do vajen an
Vant fè mal
Ogmantasyon estwojèn nan jenere yon ogmantasyon nan pwodiksyon prostaglandin ki vin kòz vant lan ap fè mal,ou ka ede l siw mete yon konpres cho sou vant li,pa kouri pou li siw renmen l.
Depi gen bon vi relasyon an ap toujou ka fonksyone,youn ede lòt