4 bagay chak fanm ta dwe konnen anvan yo marye

Ou preske marye oubyen ou fenk marye? siw nan youn nan bagay sa yo,wap anvi konnen kanmenm sa yo vi bezwen anvan l marye.Se tem le wap gade yo ,yo pa ret san enpotans men chak ane ki pase yo vin gen anpil enpòtans,nou pa menm pale kijan pou pase,fe manje,elatriye
Fok ou konn sa pouw pale ak patne w pouw ka gen yon relasyon ki ansante,konsa wap kap afwonte difikilte ak simonte l pi fasil.
Bagay tout fi ta dwe konnen anvan yo marye

Pilitik
Se komsi politik pa paret li ka enfliyanse relasyon 2 moun ki renmen,yon bagya yon fi bezwen konnen eske sa antre anpil nan lavi moun li pral marye a,sa se pati sa,lot la se yon lot pati,chak moun gen pati politik yo yap jere sa ka pote gwo pwoblem nan mitan yon maryaj.Tandans politik nou genyen yo enpòtan paske yo defini fason nou wè lavi.Nan yon lòt mo, politik fome nan pèsepsyon reyalite ki nan yon moun.Konnen, respekte, tolere lide w enpòtan.Se konsa, reyalite a dwe ye chak jou jou.Dwe gen yon ekilib nan koup la piga moun fe presyon sou lot,maryaj gen dezisyon ak sityasyon pi konplike ke sa.

Relasyon koup la pral chanje
Jodia le w we mennaj ou se komsi se fedatifis,tan nou pase ansanm yo emosyonel paske toujou gen yon bagay nouvo,anvan w marye panse ak bagay sa yo pa etenl siw pa pran swen yo toutan.Lanmou pap soti nan fenèt lew fin siyen sètifika maryaj la.Sak pral pase se vi chak jou a,obligasyon travay granm maten,lannwit ki pral fe fedatifis sa pa entans anko.

Ou dwe konn tet ou anvan w kite patne w la konnen w
Laperèz, esperyans, ensekirite, fòs ak rèv ou yo se bagay ou ta dwe konnen pafètman.Tout fi ta dwe konn sa anvan yo marye,men yo pa bay sa pwiyorite.Ou gendwa santiw pa gen sekirite nan tet ou,wap chaje yon moun pou marye pou konple vid ou pa bliye chak moun bezwen gen sekirite ak konfyans nan tet yo anvan.Pafwa konn gen koup yo gen menm defo(jalou,rankin,egoyis,ogey,renmen goumen).Ou ka evite tout sa yo siw konn kiyes ou ye,kisa wap rete tann.Pwosesis sa yo inik menm jan ak ou.Pran san w pou w gen yon relasyon ansante ,san vyolans,ekilibre,san mesaj negatif.

W ap toujou vle bezwen tan pou kont ou
Menm si maryaj la ini vi w ak pa moun ou renmen an,wap toujou bezwen yon tan pou ou.Li enpotan pouw pa detwi tan pesonel ou ni pa patne w.Chak moun gendwa gentan pou yo ak zanmi,li enpotan pou w gen tan pou kont ou ak fe aktivite w renmen li gendwa se dans,soti ak zanmi,elatriye.Se sak pral ogmante oubyen kenbe fedatifis nan relasyon an paske nou pap mare ak lot toutan len rankontre se dife.
Depi nou toujou kenbe lwayote nan relasyon an tan pou kont nou pap yon pwoblem.