3 konsève pou retire tach deyodoran nan rad

Likid pou grès : Likid nou sèvi poun elimine grès. Nou itilize yo chak jou nan kay, nan kwizin ak mi , menm likid sa ka ede w retire tach nan rad ki gate ak deyodoran. Aplike l kote ki gen tach la, kite l aji pou 15 minit, fwote epi lave rad la kòm dabitid.

bicarbonato-con-limon

Bikabonak: Melanje l ak dlo, lè l fin tounen pat aplike l kote ki gen tach la kite li poze 10 a 15 minit, epi lave l.

Vinèg blan : Tranpe rad la nan dlo , aplíke vinèg sou tach la, kite li poze pou 15 minit apre wap wè diferans lan

Nenpòt youn nan 3 konsèy sa yo ou fè ,ou pap regrèt