Pa gen okenn fòmil ki pou renmen menm jan pa genmoun ki gen menm karakteristik,lide pou renmen an depan de kijan moun ki deside antre nan yon relasyon ye.
Jodia nou pase kite kèk ti konsèy pou ou,nou espere yo itil ou,kote wap kab anrichiw ak pwòp ekperyans ou
1.Chanje kèk abitid
2.Azime yon dezakò oubyen yon bagay ou fè ki pa bon se pa tankou yon konfli non men yon leson pouw aprann,pa janm bliye gen yon bagay ki konstwi nan mitan nou.
3.Metew nan plas moun ou avèl la,konsa wa wè sal renmen ak saw pa renmen,sa se baz respè a
4.Fè eksperyans lèl pa la pou kòw nan kay la pouw wè kijan li santil lèw ap la tou
5.Chak tan w kapab ri,souri a ka pote anpil jwa nan yon relasyon

6.Chache konnen sa mennaj ou renmen,fèl pou li
7.Toujou gade kijan de afeksyon ou ba li,kesyon an se pa konbyen fwa men se kijan
8.Toujou ofril èd ou,relasyon an se yon koneksyon mityèl
9.Pa pè poze kesyon,chache pouw wè sil byen oubyen mal
10.Pran swen mennaj ou tankou yon flè
11.Gade bagay positiv nan li,epi wap toujou jwenn yon bagay nouvo nan li
12.Santi lanmou an ap fleri chak jou,pa janm sonje sak te pase
13.Admèt erè ou yo.Pa kache ni bay manti:jis aksepte
14.Dispozew pou fè nouvo bagay nan relasyon an,tout sak pa devlope ak kokobe
15.Koute entwisyon,li posib pouw paka ekplike poukisa men pi devan wa wè
16.Reyalize aktivite ki pral fè mennaj ou kontan
17.Kenbe ilizyon.Evite fè vye aksyon,mo,fraz ak jès grosye
18.Respekte espas pèsonèl moun nan.Li bon poun toujou ansanm,men se pa mare ak li
19.Pran desizyon kap bon pou nou 2 a