10 bagay yon manman toujou fè

Manman san parèy yo fè tout bagay pou nou. Yo konnen lèn byen oubyen mal yo edike nou pandan tout lavi nou

  • 1.yo pa janm kite pitit yo grangou, yo toujou prepare manje kite nan kay la pou lè timoun nan sot lekol poul ka jwenn
  • 2.yo toujou ranje bagay nou gaye yo ,epi mete nan lòd soulye ,bijou, barèt
  • 3.Yo toujou di lè w rive lakay ou wa fè sa ou vle pandan ke w ap viv nan kay sa a wap fè sa m di a
  • 4.lè yap pale w pou yon bagay ou di zanmiw lan fè l deja epi li di w si tout zanmi ou yo ap lage tèt yo anba,wap fè l tou
  • 5.Se yon manje mwen pase 2 èdtan ap fè wap manje l wi

MAD1

  • 6.Lè yo voye w achte pou premye sa yap mande se pou rès monnen
  • 7.Mete rad sou ou pouw pa pran fredi pitit
  • 8.Lèw ap soti femen pòt la
  • 9.Pa jete manje ou pa konnen konbyen moun kap mouri ak grangou
  • 10.Ou menm janm ak papa w

Nou konnen manman yo pap pa ban nou ti konsèy menm si pafwa nou di yo pale pou nènpòt bagay